Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
la sociologie de la vie
25 mars 2013

sa sa ye sa?

sa sa ye sa?

gen yon bon ti van kap vante zorey mwen

 li fèm sonje plezi ti plim poul

li fèm vle transfome

kisa sa ye sa?

waw! epa se te vwaw ti doudou.haie_de_bambou_oriental_semi_naturelle

mwen santi yon bagay sou do mwen

li soti depi dèyè tèt mwen lap glise desann

ayyy! li dous m’anvi vole

kisa sa ye la?

kèt! se pa se menw.

mwen santi bouch mwen dous

mwen pa sot bwè siwo myèl

li paka sik paskel pi dous ke sik

sa sa ye sa?

mmmm! se krache nan bouch ou.

cheriw dous,ou gou

kisa kap desann sot anlè a laa?

se tankou yon pye banbou kap danse nan bal larivyè.

ooo! epa se yon moun!

banm gade toujou,epa se ti doudou m nan kèt!

gadew kreyati

fanm blanch pa fouti chèlbè konsa

se sèl isit ki gen jèm saa,

fanm nan chèlbè,li gou,li dous

fant janm li pa gato li fè bouch powèt la koule krache.

kisa saye sa?

se fanm kèm nan

Publicité
Publicité
Commentaires
la sociologie de la vie
  • ce blog contient les beaux textes de verdino, des auteurs haitiens et les grands tenons de la poesie du monde. c'est la sociologie de la vie, des mots pour traduire les maux de la vie, la poesie de la nature, le chant des oiseaux, changement social
  • Accueil du blog
  • Créer un blog avec CanalBlog
Publicité
Archives
Publicité